Men Bonpyon Tic Tac Toe 5.7 [free]

Description

Èske nou konn chita lakay nou epi n'ap jwe ak yon zanmi nou deja ?
Jwe ak telefòn bon, men jwe ak yon moun parèy nou, pandan nou chak sou telefòn pa nou sa pi bon lontan toujou. Se sa Bonpyon ap ede nou fè.
Jwèt Bonpyon an fèt pou' tout moun ki pi fò nan Mòpyon, moun ki fè k'ap aprann jwe ak moun ki pa renmen jwe, Bonpyon ap entèrese nou. Li jwe ak 2 moun swa pa Bleutooth
oswa a distans pa entènèt. Pandan nou chita lakay nou, e nou santi n' ta renmen distrè nou ak yon bon zanmi nou kit se nan zòn nou ye a oubyen nan yon lòt peyi se pou sa
nou fè jwèt Bonpyon an. Bonpyon fèt pou nou ka distrè nou a 2 menmsi nou pap viv menm kote, nou nan pa menm ras oswa menm koulè. Kèlkeswa kote moun nan ye a n’ap ka jwe
avèk li. Sèlman envite l’ telechaje l’ aprè li fin enskri epi tout bagay fèt.
Li gen yon sistèm tchat sou li ki pèmèt nou voye mesaj bay zanmi nou lan, pandan n’ap jwe a nou ka ap dyaloge san pwoblèm. Li fasil, li senp e li efasikas. Li bon pou yon
bon fonksyonman mantal paske l’ap ede nou byen reflechi. Avantaj jwèt sa a genyen se pa sèlman jwe n’ap jwe men n’ap aprann reflechi tou.
Li gen yon sistèm sekirite sou li k’ap pèmèt mesaj nou yo rete an sekirite.
Si nou ta renmen patisipe nan nouvèl vèsyon an swa nan yon konsèy, yon don oswa yon lòt bagay ankò nou ka rele nan +50934803580 oubyen ekri nou nan
[email protected]
Sonje byen chak jou n’ap amelyore l' pou l' vin pi bon toujou men avèk konsèy ou.

Old Versions

Free Download Download by QR Code
  • App Name: Men Bonpyon Tic Tac Toe
  • Category: Brain & Puzzle
  • App Code: com.thunkable.android.aujohncy12.MenJwetTunk
  • Version: 5.7
  • Requirement: 4.0 or higher
  • File Size : 8.3 MB
  • Updated: 2018-02-05